Accessibility links

Breaking News

Nan Siri Vyolans la ap Kontinye aprè Omwen 20 Moun te Mouri Madi 15 Me a


 Yon rebèl siryen, nan vil Homs - madi 15 me 2012
Yon rebèl siryen, nan vil Homs - madi 15 me 2012

Daprè enfòmasyon ki sòti bò kote militan yo, koutzam marye ankò mèkredi nan Siri, pi presizeman nan rejyon Hama kote omwen 20 moun ki tap asiste yon antèman, te mouri anba bal madi 15 me 2012 la, yon ti moman anvan yon bonm te eksploze arebò yon wout kote kèk obsèvatè l’ONU tap pase. Obsèvatwa Siryen pou Dwa moun –ki baze nan vil Lond, ann Angletè—pale ak Lavwadlamerik pou l fè konnen koutzam yo pete nan pati santral rejyon Khan Sheikhoun; men pèsonn pa konnen egzatteman ki moun kap tire a. Obsèvatwa Siryen pou Dwa Moun nan kontinye pou l di 3 kretyen-vivan pou pi piti pèdi lavi yo aprè fòs sekirite yo te tire sou yon kan refijye nan pwovens Daraa.
XS
SM
MD
LG