Accessibility links

Breaking News

Putin Resevwa yon Gwo Sipò Bò Kote Iran pou Kanpay Militè LaRisi

Russian President Vladimir Putin, left, Iranian President Ebrahim Raisi, center, and Turkish President Recep Tayyip Erdogan pose for a photo prior to their talks at the Saadabad palace, in Tehran, Iran, Iran, July 19, 2022.

Prezidan ris Vladimir Putin resevwa yon gwo sipò bò kote Iran pou kanpay militè LaRisi nan Ikrèn nan, kote lidè Siprèm Ali Khamenei di loksidan pa vle wè yon LaRisi endepandan e ki gen fòs.

Khamenei di si LaRisi pa te voye twoup nan Ikrèn, li ta pwal fè fas ak yon atak l-OTAN pita, yon deklarasyon ki repete pwòp pawòl Putin e reflete relasyon k ap vin pi sere ant Moskou ak Teheran pandan yo tou le 2 ap fè fas ak sanksyon sevè l-Oksidan. Alye l-OTAN yo ranfòse prezans militè yo nan lès Ewòp e voye zam bay Ikrèn pou li reponn atak LaRisi a.

Putin te gen chita-koze ak prezidan Iran Ebrahim Raisi e ak prezidan Tiki Recep Tayyip Erdogan sou kèk nan pwoblèm ki pi ijan ke rejyon an ap konfwonte.

XS
SM
MD
LG