Accessibility links

Breaking News

Larisi ak Iran Pral Ranfòse Koperasyon Sou Gaz ak Petwòl


Iran Russia Turkey
Iran Russia Turkey

Iran ak Larisi, 2 peyi ki anba plizyè sanksyon l'Oksidan, te pwomèt nan yon chita pale pou yo ranfòse koperasyon yo alontèm , patikilyèman nan sektè gaz ak petwòl .

Lidè Siprèm Iran an, Ayatollah Ali Khamenei te deklare ke "Kowoperasyon alontèm ant Iran ak Larisi trè benefik pou tou 2 peyi (...). Gen akò ak kontra ant 2 peyi yo ki gen ladan yo nan sektèpetwòl ak gaz".

Prezidan Ris Vladimir Putin te rive nan Teheran Madi pou diskisyon ak tokay Iranyen ak Tik li yo sou konfli ki genyen nan peyi Siri, men tou, sou lagè a nan Ikrèn.

Somè sa a rive kèk jou apre yon toune Prezidan Ameriken Joe Biden te fè nan Mwayen Oryan.

Sou kesyon ekspòtasyon ble soti nan Ikrèn atravè Lanmè Nwa a, Prezidan Ris la, te pale de pwogrè ak remèsye kontrepati Tik li Recep Tayyip Erdogan.

XS
SM
MD
LG