Accessibility links

Breaking News

Ankourajman Prezidan Barack Obama pou Etidyan Fi yo


Prezidan Barack Obama nan Barnard College, New York, 14 me 2012.
Prezidan Barack Obama nan Barnard College, New York, 14 me 2012.
Ozetazini, Prezidan Barack Obama bay etidyan yon lekòl siperyè pou jèn fi konsèy pou yo pèsevere nan efò yap fè pou yo reyalize rèv yo kèlkeswa obstak yo kapab rankontre. Misye Obama pale konsa nan Fakilte Barnard, nan New York, kote li fè yon diskou nan okazyon seremoni remiz diplòm kekòl la ki fè pati Columbia University, kote misye Obama te pran diplòm pa li nan ane 1983. Se ane sa a menm --1983-- inivèsite a te ouvè pòt li pou la premyè fwa pou l te aksepte etidyan fi.

Misye Obama --ki atire atansyon sou le fèt ke byen souvan milye travay yo Ozetazini pa bay medam yo tout sa yo merite kom salè oubyen menm rapidite pwomosyon ak gason yo-- eben, Prezidan Obama di jounen jodi a medam yo reprezante mwatye fòs travay la nan peyi a e, nan ane ki fèk pase yo, plis pase mwatye etidyan ki pran diplòm yo nan inivèsite ameriken yo se etidyan fi ; pami etidyan sa yo genyen ki diplome nan nivo siperyè, tankou metriz ak doktora. Lidè ameriken an fini pa di etidyan-fi ki resevwa diplòm yo nan Fakilte Barnard la lendi 14 me a, nan New York, yo pa kapab dòmi sou lorye yo ; yo dwe kontinye pèsevere pou yo monte pi wo,
XS
SM
MD
LG