Accessibility links

Breaking News

Nan Siri, Goumen ant Lame ak Rebèl Koze Lanmò 23 Sòlda


Imaj ki montre yon rebèl kap transpòte yon blese nan vil Rastan, pa lwen Homs, nan Siri
Imaj ki montre yon rebèl kap transpòte yon blese nan vil Rastan, pa lwen Homs, nan Siri

Nan peyi Siri, militan yo fè konnen rebèl yo touye 23 sòlda nan konfwontasyon ki dewoule tou prè vil Rastan; se youn nan jounen kote plis san koule pami fòs ki fidèl ak gouvènman prezidan Bashar al-Assad la depi yon mouvman leve-kanpe te kòmanse sa genyen 14 mwa. Lese-frape ki fèt madi 15 me a te pete aprè vil la, ki sou yon distans 25 kilomèt ak vil Homs –kote mouvman rebelyon an gen plis fòs la— eben, konfwontasyon an te pete aprè vil Rastan te sibi kèk gwo kout-zam lou anba men lame siryèn nan. Anpil moun blese, tandiske divès machin militè blende kraze nan lese-frape sa a.
XS
SM
MD
LG