Accessibility links

Breaking News

François Hollande Prete Sèman kòm Nouvo Prezidan Fransè


Nouvo prezidan fransè a, François Hollande, pandan li tap rive nan Palè Elize a, madi 15 me 2012
Nouvo prezidan fransè a, François Hollande, pandan li tap rive nan Palè Elize a, madi 15 me 2012
Nan peyi Lafrans, François Hollande prete sèman kòm nouvo prezidan. Konsa li monte sou pouvwa a nan plas Nicolas Sarkozy nan yon seremoni tou senp ki dewoule nan Palè Elize a, nan kapital la, Pari. Kèk èdtan anvan seremoni an te kòmanse, misye Hollande te rive nan palè a kote misye Sarkozy te la pou resevwa li.
François Hollande se premye sosyalis ki monte sou pouvwa a an Frans depi manda François Mitterend te fini an 1995. Nan diskou li fè nan okazyon prestasyon sèman an, nouvo prezidan fransè a di li pare pou l ouvè yon nouvo chemen pou peyi li e pou kontinan ewopeyen an, avèk yon aksan espesyal sou kwasans, jistis epi sa li rele « yon demokrasi sosyal».

Imedyatman aprè seremini an, Misye Hollande kite Lafrans pou l ale nan peyi Lalmay kote li pral rankontre avèk Chanselye Angela Merkel, pou yo abòde kriz dèt divès peyi sou kontinan an ap konfwonte. Nan rankont sa a, obsèvatè yo atann yo aske nouvo lidè fransè a ensiste pou l renegosye nouvo trete Zòn Ewo a ki enpoze kèk osterite bibjetè sou peyi-manm yo. Depi kèk tan deja, Misye Hollande ap lanse apèl pou l mande yon pi gwo anfaz osu kwasans ; sepandan Madam Merkèl, lidè Almay la, pale li menm plizyè fwa pou l di trete a pa renegosyab

Rankont bi-lateral sa a ap dewoule nan moman nouvèl parèt pou di Zòn Ewo a, ki genyen 17 eta-manm ladan n, te anrejistre yon kwasans pandan 3 premye mwa ane 2012 la ; konsa li rive evite yon resesyon, alòske espesyalis yo te fè previzyon pou di ekonomi rejyonal la ta pral sibi yon bès 0 vigil 3 pou san pandan premye trimès ane a.
XS
SM
MD
LG