Accessibility links

Breaking News

Prezidan Pwovizwa Sri Lanka Deklare yon Eta Dijans 2 Jou Anvan Palmantè yo Rankontre pou Chwazi yon Nouvo Prezidan


Sri Lanka
Sri Lanka

Prezidan pwovizwa Sri Lanka, Ranil Wickremesinghe, deklare yon eta dijans 2 jou anvan palmantè yo rankontre pou chwazi yon nouvo prezidan pou zile a, k ap goumen ak yon kriz ekonomik e ki bloke nan yon ensètitid politik.

Yon anons ofisyèl ki soti yè swa fè konnen otorite yo enpoze eta dijans la "pou rezon sekirite piblik, pou pwoteje lòd piblik e kontwole pwovizyon ak sèvis ki esansyèl pou lavi kominote a."

Wickremesinghe prete sèman kòm prezidan pwovizwa apre demisyon prezidan Gotabaya Rajapaksa, jedi pase a.

Men anons tou fre sa a vini kòm sipriz - Colombo te kalm depi manifestan te kite bilding gouvènman yo kote yo te di yo vle pou lit la rete pasifik.

"Dwe gen eta dijans lè gen yon menas reyèl. Nan moman kounye-a, menm lè gen ensètitid politik, mwen pa wè rezon pou eta dijans," se pawòl Bhavani Fonseka, prensipal chèchè nan sa ki rele Sant Politik Alternatif nan Colombo.

Li di, "Konsa gen enkyetid reyèl pou konnen poukisa eta dijans la."

Wickremesinghe ka pami prensipal kandida yo, pandan pati opouvwa-a, pi gran gwoup nan palman an, fè konnen l ap kanpe dèyè l, malgre kèk manm pati a kont chwa sa a.

XS
SM
MD
LG