Accessibility links

Breaking News

Difikilte pou Prezidan Grèk la Fòme yon Gouvènman Kowalisyon


Prezidan grèk la, Karolos Papoulias(adwat), ap rankontre lidè Pati Demokratik la (DIMAR), Fotis Kouvelis, nan palè nasyonal la nan Atèn, 13 me 2012.
Prezidan grèk la, Karolos Papoulias(adwat), ap rankontre lidè Pati Demokratik la (DIMAR), Fotis Kouvelis, nan palè nasyonal la nan Atèn, 13 me 2012.
Nan peyi Lagrès, lidè yon kowalisyon politik de goch –ki te fini nan 2èm pozisyon nan eleksyon lejislativ semèn pase-a – derefize patisipe nan plis negosyasyon sou fòmasyon yon gouvènman kowalisyon. Non lidè sa a se Alexis T-sipras. Pandan li tap pale sou dosye a dimanch 12 me 2012 la, li di li pa sòti pou l tounen sa li rele –nap site «yon konplis nan yon krim kont sosyete grèk la », fen sitasyon. Misye Tsipras deklare :
“Jodi a, jounal ekri pou pale de moun ki genyen aryè-panse nan Komisyon Ewopeyèn nan –moun ki ta di kòmkwa yo pral pèmèt yon ajisteman fiskal ki pi long, yo pral adousi sa ki di nan memorandòm nan. Poukisa yo di yon bagay konsa? Yo di sa paske yo wè pèp nou an, avèk pozisyon li pran e avèk volonte li eksprime nan biwodvòt yo, montre li pa dispoze kite moun mennen l nan katastwòf si li va vle. Pèp grèk la pap komèt suisid volontèman. Se sa pèp la montre yo.”

Misye Tsipras kontinye pou l di, moun kap dirie Lagrès jounen Jodi a e ki dakò ak demand Unyon Ewòp la fè pou yo fè gwo soustraksyon nan depans Leta yo, pa resevwa mesaj pèp la. Pandansetan, prezidan grèk la, Karolos Papoulias ap redi pou wè si li ta òganize kèk rankont ak lidè 3 pi gwo pati politik nan peyi a sou fòmasyon yon nouvo gouvènman epi evite nesesite pou eleksyon palmantè dewoule ankò anvan lontan.
XS
SM
MD
LG