Accessibility links

Breaking News

Etazini: Fiziyad Nan Yon Sant Dacha Nan Indiana


INDIANA-SHOOTING/
INDIANA-SHOOTING/

3 moun mouri anba bal e 2 lòt blese yè swa nan yon sant dacha nan eta Indiana apre yon mesye ak yon fizi te ouvè kout zam nan yon gran sal kote moun manje e yon sivil ame tire l e touye l frèt, se sa lapolis anonse.

Mesye a te antre nan Sant Dacha Greenwood Park ak yon fizi ak plizyè bwat katouch e te koumanse tire nan sal la,

pou repete Chef Depatman Polis Greenwood Park Jim Ison.

Yon sivil ame touye asayan an, se sa Ison di nan konferans pou laprès. Antou, 3 moun pèdi lavi yo e 2 lòt blese, li di.

Lapolis te antre nan sant dacha a a 6 zè yè swa pou fè rapò sou tire a. Otorite yo ap fouye sant dacha a pou chache lòt viktim, men yo kwè ke tire a te rete sèlman kote moun manje a.

XS
SM
MD
LG