Accessibility links

Breaking News

Yon Bato Lagè Ameriken Navige Toupre Lanmè Sid LaChin

Arleigh Burke-class guided-missile destroyer USS Benfold (DDG 65), forward-deployed to the U.S. 7th Fleet area of operations, conducts underway operations in the South China Sea, in this handout picture released on July 13, 2022.

Yon bato lagè ameriken te navige mèkredi, toupre zile Paracel yo ki an diskisyon nan Lanmè Sid LaChin, sa ki te atire kolè Peken, ki fè konnen lame li te repouse bato a apre li te antre ilegalman nan dlo teritwa li.

Etazini fè regilyèman sa li rele Operasyon pou Libète Navigasyon nan Lanmè Sid LaChin, pou defye sa li rele restriksyon ke LaChin ak lòt peyi enpoze sou pasaj inosan.

Lendi ki sot pase a te make 6èm anivèsè yon konklizyon ki soti nan yon tribinal entènasyonal ki deklare san valè reklamasyon LaChin sou Lanmè Sid LaChin, yon wout kote apeprè 3 trilyon dola machandiz pase chak ane.

LaChin di li pa anpeche libète navigasyon ni libète vòl avyon ki ap pase nan zòn nan, e li akize Etazini kòmkwa l ap pwovoke tansyon.

XS
SM
MD
LG