Accessibility links

Breaking News

Dirijan LaRisi, Ikrèn, Turki ak Nasyon Zini Rankontre Istanboul


Delegations meet along with United Nation observers, right, and Turkish Defence Ministry members in Istanbul, Turkey, Wednesday
Delegations meet along with United Nation observers, right, and Turkish Defence Ministry members in Istanbul, Turkey, Wednesday

Dirijan LaRisi, Ikrèn, Turki ak Nasyon Zini rankontre mèkredi nan Istanboul nan yon efò pou ekspòtasyon danre ka rekoumanse nan pò yo nan Lanmè Nwa a.

Envazyon LaRisi a jennen ekspòtasyon Ikrèn yo, sa ki ede moute pri nan mond la pou danre, lwil pou kwit manje, gaz ak angrè.

Turki ak Nasyon Zini ap travay ansanm pou negosye yon antant ki ta soulaje kriz la.

LaRisi eksprime kè-sote kòmkwa bato ka sèvi pou pote zam nan Ikrèn e li mande pou gen fouy ki fèt nan bato yo.

Ikrèn di yon antant paka menase sekirite sou teritwa li ak nan lanmè Nwa a.

XS
SM
MD
LG