Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Biden Rasire Israelyen yo li Opoze Pwogram Nikleyè Iran an

Prezidan Joe Biden kanpe bo kote Premye Minis Israelyen Yair Lapid a dwat, epi Prezidan Isaac Herzog, a goch, apre li rive nan ayewopo Ben Gurion nan, Mekredi 13 Jiye, 2022 nan Tel Aviv.
Prezidan Joe Biden kanpe bo kote Premye Minis Israelyen Yair Lapid a dwat, epi Prezidan Isaac Herzog, a goch, apre li rive nan ayewopo Ben Gurion nan, Mekredi 13 Jiye, 2022 nan Tel Aviv.

Prezidan Joe Biden louvri vire won li nan Mwayèn Oryan an ak rasirans ke li pran angajman pou sispann pwogram nikleyè Iran an.

Biden di responsab Israelyen yo li pare pou'l anplwaye la fos "kom dènye rekou" nan objektif sa a.

Prezidan Biden fè komantè sa a pandan yon entèvyou ki te difize Mèkredi sou Chanèl 12 Israel la, nan moman kote li tap tanmen yon vire won 4 jou nan rejyon an.

Etazini ak Israel sipoze devwale yon deklarasyon konjwen Jedi, kote yo va kore lyen militè sere-sere yo genyen epi ranfose demann ki te fèt nan pase a pou pran aksyon militè kont Iran nan moman peyi sa a ap etann pwogram nikleyè li a.

Israel deklare tou le 2 peyi yo pral pran angajman pou "sèvi ak tout sa ki a la dispozyon yo nan nivo pwisans nasyonal, pou kontre menas nikleyè Iranyen an."

See all News Updates of the Day

Konsèy Sekirite LONU Ranvaye Vot sou Seselfe Gaza a

Konsèy Sekirite LONU Ranvaye Vot sou Seselfe Gaza a
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:03 0:00

Konsèy Sekirite Nasyonzini pa vote rezolisyon yon seselfe nan teritwa Gaza a malgre apèl Sekretè Jeneral Nasyonzini an Antonio Guterres lanse pou evite yon katastròf Valerio Saint Louis

Izrayèl Kontinye ap Atake Militan Hamas yo

Izrayèl Kontinye ap Atake Militan Hamas yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:58 0:00

Izrayèl kontinye ap atake militan Hamas yo malgre apèl k ap lanse pou mande yon seselfe ak pwoteksyon sivil yo

Atak Wòkèt Vize Anbasad Ameriken nan Bagdad

 Atak Wòkèt Vize Anbasad Ameriken nan Bagdad
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:20 0:00

Otorite Ameriken ak Irakyen yo di te gen yon atak ak wòkèt sou Anbasad Etazini an nan Bagdad, sa ki te lakòz kèk ti domaj men li pat koze okenn viktim.

Atak Wòkèt Vize Anbasad Ameriken nan Bagdad

Bomberos iraquíes extinguen un incendio en la entrada de la embajada de Estados Unidos en Bagdad el 1 de enero de 2020.
Bomberos iraquíes extinguen un incendio en la entrada de la embajada de Estados Unidos en Bagdad el 1 de enero de 2020.

BAGDAD (AP) — Otorite Ameriken ak Irakyen yo di te gen yon atak ak wòkèt sou Anbasad Etazini an nan Bagdad, sa ki te lakòz kèk ti domaj men li pat koze okenn viktim.

Milis Iranyen kap mennen operasyon nan Irak di se yo ki responsab plizyè douzèn atak ki vize baz twoup Ameriken yo nan Irak ak la Siri depi lagè Izrayèl-Hamas la te kòmanse a.

Anbasad la trouve li nan kapital Irakyèn nan.

Yon ofisyèl sekirite irakyen di milis yo te lanse 14 fize Katyusha vandredi, e kèk ladan yo te frape toupre youn nan pòtay Anbasad Ameriken an.

Yon ofisyèl militè ameriken di ke wòkèt te frape tou baz Union III a ki gen biwo kowalisyon Etazini an Irak ladann.

Gwo Batay Fewòs nan Gaza

Smoke rises over Gaza, amid the ongoing conflict between Israel and the Palestinian Islamist group Hamas, as seen from southern Israel
Smoke rises over Gaza, amid the ongoing conflict between Israel and the Palestinian Islamist group Hamas, as seen from southern Israel

Gwo batay fè raj Jedi nan pi gran vil yo nan Gaza, ant fòs izrayelyen ak militan Hamas, kote sivil palestinyen te chache ti rès abri ki rete pou yo chape anba lagè a.

Batay te dewoule nan vil Gaza, nan nò a, kote Izrayèl te santre premye etap operasyon-li pou elimine Hamas, epi nan Khan Younis nan sid Gaza, ki se dènye kote gè a rive.

Tout tan batay ap dewoule, se plis sivil yo ap pran wout sid pou yo, e vyolans la deranje operasyon imanitè l-ONU e pouse dirijan òganizasyon mondyal la yo lanse avètisman repete pou fè konnen sityasyon an ap vin pi grav.

Nasyon Zini di dè dizèn milye moun sot rive nan jou ki pase yo nan Rafah, yon vil ki toupre fwontyè sid Gaza. Zonn Rafah a se sèl seksyon nan Gaza ki te resevwa distribisyon limite èd imanitè semenn sa a akoz vyolans la ki pran pati nò a, dapre l-ONU.

Load more

XS
SM
MD
LG