Accessibility links

Breaking News

Blinken Rankontre 6 Lidè Gwoup Jèn ki Soti Myanmar nan Lide Pou pou Mete Presyon sou Gouvènman Militè a


US Secretary of State Antony Blinken, right, meets with US Exchange Alumni at a cafe in Bangkok, July 10, 2022.
US Secretary of State Antony Blinken, right, meets with US Exchange Alumni at a cafe in Bangkok, July 10, 2022.

Sekretè Deta Etazini Anthony Blinken rankontre nan Bangkok nan peyi Tayland, dimanch la, ak 6 lidè gwoup jèn ki soti Myanmar ke yo rele tou Birmani, pandan yon vwayaj kote li ankouraje lidè peyi nan rejyon an pou yo fè plis efò pou mete presyon sou gouvènman militè Myanmar la pou li retounen nan rejim demokratik.

Myanmar rete nan yon rebelyon sivil depi yon kou deta militè ki te jete gouvènman ke sivil t ap dirije a an Fevriye 2021.

Plis pase 91-mil moun deplase kite Birmani e ap viv nan Tayland, kèk nan yo apre yo te fin kouri pou pèsekisyon nan peyi pa yo.

XS
SM
MD
LG