Accessibility links

Breaking News

Etazini: Yon Avoka Nan Texas Deklare Pwogram DACA a Koute Eta a Plizyè Santèn Milyon Dola

FILE - People hold signs as they take part in a rally for "Justice Everywhere" to celebrate the U.S. Supreme Court's ruling to disallow the rescinding of the Deferred Action for Childhood Arrivals (DACA) program, in San Diego, California, June 18, 2020.

Avoka ki espere sove yon pwogram ki te la sou Obama, ki anpeche depòtasyon plizyè milye moun ke granmoun te mennen Etazini lè yo te timoun, yo pale nan yon kou dapèl federal, mèkredi, pou di ke mete fen nan pwogram nan se ta yon zak kriyèl ki deranje lavi plizyè milye moun ki te grandi pou yo peye taks, pou yo sèvi kòm motè pou ekonomi Etazini an.

Yon avoka gouvènman eta Texas, ki ap dirije yon efò pou mete fen nan DACA, deklare moun ki nan pwogram sa a koute eta a plizyè santèn milyon dola nan swen sante ak lòt depans.

Diskisyon t ap fèt nan Kou Dapèl 5èm Sikwi Federal nan vil New Orleans, pandan plis pase 100 sipòtè DACA te leve pannkat, bat tanbou e chante slogan devan tribinal la. Yo mande pou prezève pwogram nan ki pwoteje plis pase 600-mil moun kont depòtasyon, louvri yon wout pou imigran sa yo tounen sitwayen peyi a.

XS
SM
MD
LG