Accessibility links

Breaking News

Konsèy Ewòp la: Manm Pèsonèl Misyon Diplomatik Larisi nan Strasbourg Retounen nan Peyi Yo


France EU Russia Ukraine War
France EU Russia Ukraine War

Manm pèsonèl misyon diplomatik Larisi nan Strasbourg pran yon avyon ris mèkredi epi yo kite tèritwa fransè a 3 mwa apre ekspilsyon Moskou nan Konsèy Ewòp la, dapre sa Quai d’Orsay fè konnen. Ministe Afè Etranjè nan Pari pibliye yon deklarasyon kote li di:

“Apre ekspilsyon Federasyon Larisi a nan Konsèy Ewòp la nan mwa mas pase a avèk fèmti reprezantasyon peyi sa a nan Strasbourg kòm konsekans ekspilsyon an, vòl avyon rapatriman sa a ke Larisi òganize pèmèt manm pèsonèl la ak fanmi yo kite tèritwa fransè a definitivman.”

Ministè a, ki t ap reponn kesyon laprès, pa bay okenn detay an plis sou kantite diplomat ki kite Lafrans, sou lè egzat yo kite teritwa fransè a, ni nan ki ayewopò yo pran avyon an. Diferan sous ke AFP kontakte nan Strasbourg ak Pari pa fè kòmantè sou enfòmasyon sa a. Vè 6 zè edmi di swa, lari kote anbasad Larisi a sitiye nan Strasbourg –vil ki nan pati lès Lafrans e kote enstitisyon Inyon Ewòp la sitiye- te bloke avèk machin gendamri a, dapre konsta yon jounalis AFP.

FlightRadar24 deklare avyon an te suiv yon wout ki te long anpil nan syèl Latiki sou sou Lanmè Mediterane a anvan li te antre nan espas fransè a. Avyon ris yo pa gen otorizasyon pou yo vole nan syèl ewopeyen an akoz sanksyon entènasyonal yo nan kad pinisyon Larisi ap sibi poutèt envasyon li te lanse sou Ikrèn 24 fevriye pase a.

XS
SM
MD
LG