Accessibility links

Breaking News

Salvadò: Prezidan Bukele Vle “Ranfòse” Lagè” Li a kont Gang yo.


FILES-EL SALVADOR-POLITICS-GOVERNMENT-ECONOMY
FILES-EL SALVADOR-POLITICS-GOVERNMENT-ECONOMY

Prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, anonse li pral ranfòse lage a kont sa li rele “mara” yo, swa ekip kriminèl k ap simen latèrè nan peyi a e ki tonba anba akizasyon deske yo te tann yon anbiskad kote yo touye 3 polisye. Prezidan Bukele, ki t ap bay yon konferans pou laprès madi swa, ajoute:

“Bagay yo pa pral rete la; mesye yo pral peye chè pou lanmò 3 ewo sa yo.”

Nan konferans pou laprès la, prezidan an akize manm yon gang ki rele “Barrio 18” (ou “Katye 18”) dèske se yo ki komèt 3 asasina yo kèk èdtan anvan li te rankont ak jounalis yo.

Nèg ame te krible 3 polisye yo anba bal –se chèf sèvis apèl dijans yo, yon gason epi yon fanm, ki te tonbe anba yon atak nan Santa Ana, 2èm vil peyi a, sou yon distans 60 kilomèt a lwès kapital la.

Aprè yon vag asasina nan fen mwa mas pase a (87 omwens), Prezidan Bukele te dekrete yon eta dijans ki otorize lapolis ak lame okipe lari yo an grann kantite, arete moun epi mete yo nan prizon. Malgre kritik k ap di nan koukouwouy sa a gouvènman an lanse dèyè gangstè yo, li komèt abi dwamoun, lit kont kriminalite a pèmèt jenn prezidan an, ki gen 40 tan sèlman e ki renmen rezo sosyal yo, benefisye yon popilarite san parèy nan peyi Salvadò.

XS
SM
MD
LG