Accessibility links

Breaking News

Larisi: Toutotan Kyèv Pa Rann Tèt Li, Nap Kontinye Atake


UKRAINE-CRISIS/RUSSIA-BELARUS
UKRAINE-CRISIS/RUSSIA-BELARUS

Larisi te pwomèt Madi pou li kontinye ak atak li yo sou Ikrèn jiskaske Kyiv rann tèt, On lòt kote lidè Oksidan yo avèti ke Moskou ap peye pou agresyon li sou peyi vwazen li .

Gwoup G7 lan te rankontre nan Almay pou voye yon mesaj ke yo rete solidè dèyè gouvènman Ikrèn lan.

Epi, anvan yon reyinyon kle alye Òganizasyon Trete Nò Atlantik yo te ap fè, Prezidan Ameriken Joe Biden ak lòt lidè parèy li yo te pwomèt èd militè pou Kyèv ak plis sanksyon ekonomik kont Moskou.

Men, Kremlin Prezidan Vladimir Putin a pou li menm te avèti ke sèl opsyon ki geneyen se pou fòs Ikrèn yo ta depoze zam yo.

Pòtpawòl Kremlin Dmitry Peskov te di."Ikrèn ka sispann tout bagay anvan fen jounen an".

E yo te kontinye pou yo di "fòk fòs lòd pou inite nasyonalis yo depoze zam yo ," e ke "Kyiv te dwe ranpli tout lis revandikasyon Moskou fè.

XS
SM
MD
LG