Accessibility links

Breaking News

Rio de Janeiro : Zanmi ak fanmi Eksprime Dènye Respè yo pou Jounalis Dom Phillips


BRAZIL-JOURNALIST/
BRAZIL-JOURNALIST/

Zanmi ak fanmi te rasanble nan yon simityè toupre Rio de Janeiro pou yo eksprime dènye respè yo pou jounalis Dom Phillips, ki pèdi lavi li nan rejyon Amazòn nan nan Brezil kote li t ap fè rechèch pou yon liv sou mwayen pou sove pi gran forè twopikal imid nan mond-la.

Phillips, ki te gen 57 lane, ak ekspè nan kesyon endijèn Bruno Pereira, ki te gen 41 lane, pèdi lavi yo 5 Jen pase nan bato pa yo sou flèv Itaquai, toupre antre teritwa endijèn ki rele Vale Javari, sou fwontyè Pewou ak Kolonbi. 3 pechè ki abite nan kèk kominote arebò flèv la toupre a jwenn arestasyon yo. 2 nan yo avwe ke yo te nan asasinay yo, dapre lapolis.

XS
SM
MD
LG