Accessibility links

Breaking News

Etazini–Eleksyon Primè: Viktwa yon Patizan Trump nan Kawolin di Sid ak Nevada


Congresswoman Nancy Mace R North Carolina on PCUSA
Congresswoman Nancy Mace R North Carolina on PCUSA

Washington - Nan jounen madi 21 jen an, Donald Trump ranpòte yon gwo viktwa nan Kawolin di Sid, eta kote kandida li apiye a bat fasilman Depite Tom Rice ki pase 5 manda nan Lachanm nan.

Rice se premye palmantè repibliken ki pèdi pòs li apre li te vote ane pase a kont ansyen prezidan an. Sepandan, yon lòt Repibliken ki popilè anpil, Depite Nancy Mace, rive bat advèsè l la.

Pandansetan, nan Nevada yon lòt favori Donald Trump, Adam Laxalt, ranpòte eleksyon primè pou Sena a, kote li bat Sam Brown, yon kandida popilis ki plis reprezante baz Trump la.

Nan eleksyon primè yo Ozetazini, souvan votan yo neglije kous elektoral pou plas gouvènè yo. Sepandan ane sa a, eleksyon nan nivo sa a pwovoke anpil atansyon nan Eta Maine, paske konkirans la ant kandida repibliken an ak kandida demokrat la ap trè sere. Se menm bagay la tou pou Eta Jòji, Pennsilvani, Michigan, Wisconsin ak Arizona.

XS
SM
MD
LG