Accessibility links

Breaking News

Biden Mande Kongrè a Sispann Taks sou Gaz, Dizèl pou 3 Mwa


Prezidan Joe Biden pale sou pri gaz la nan Lamezonblanch, Mekredi 22 Jyen 2022.
Prezidan Joe Biden pale sou pri gaz la nan Lamezonblanch, Mekredi 22 Jyen 2022.

Prezidan Joe Biden mand Kongre a Mekredi pou'l sispann taks federal sou gazolin ak dizel pou 3 mwa.

Mezi sa a ke prezidan an pran an nan yon ane kote eleksyon ap fet - gen kom bi pou soulaje presyon finansye yo - men anpil palmantè te eksprime dout sou li. Li poko klè si li gen ase vot nan Kongrè a pou fè sa vre.

Anpil palmantè Demokrat di yo pa finn si e sèten se yon bon ide. Biden di li konnen mezi a pap redwi "tout doulè a men sa pral ede anpil".

Si yo resi elimine taks sou gazolin nan konplètman, konsomatè yo ta ekonomize apepre 3,6% lè y'al achte gaz.

Pri mwayen an pou yon galon gaz Ozetazini se apepre $5.

Biden mande tou pou eta yo sispann taks pa yo sou lavant gazolin nan oubyen fè yon jan pou soulaje lasoufrans konsomatè yo tou.

Fok yon majorite palmantè yo nan Washington apwouve mezi sa a pou'l tounen reyalite.


Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG