Accessibility links

Breaking News

Ekwatè: 18 Polisye "Disparèt" Apre Yon Foul Moun Atake Yon Komisarya


ECUADOR-PROTESTS/
ECUADOR-PROTESTS/

Minis Enteryè Ekwatè a Patricio Carillo anonse Mèkredi, ke 18 polisye "disparèt" apre yon atak madi swa sou yon komisarya nan yon vil nan lès peyi a.

Mesye Carillo pandan yon konferans pou laprès nan Quito deklare ke foul la te atake epi mete dife nan yon komisarya nan vil Puyo, nan pwovens Pastaza "6 polisye te blese grav, yo te kenbe 3 nan yo an otaj e gen 18 ofisye lapolis yo disparèt".

XS
SM
MD
LG