Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: 5 Sivil Mouri, 12 blese nan Bonbadman nan Donetsk


A woman stands next to a building damaged by shelling at a local market in the course of Ukraine-Russia conflict in Donetsk, Ukraine, June 19, 2022.
A woman stands next to a building damaged by shelling at a local market in the course of Ukraine-Russia conflict in Donetsk, Ukraine, June 19, 2022.

Samdi, otorite lokal pro-Ris yo te di nan yon deklarasyon, ke 5 sivil te mouri e 12 lòt blese nan bonbadman nan Donetsk.

Otorite lokal yo te di nan deklarasyon ki te afiche sou Telegram"Kòm rezilta nan bonbadman ke fòs Ikrenyen yo te lanse a, gen 5 moun ki pèdi lavi yo e 12 lòt te blese nan Donetsk (DNR)".

Donetsk se on rejyon ki sou kwontrol pro-Ris yo nan lès peyi Ikrèn.

Yo kontwole rejyon sa depi 2014, rejyon sa a sijè gwo batay feròs ant fòs Ikrenyen ak fòs Ris yo depi lè lagè a te lanse nan Ikrèn nan dat 24 fevriye.

Dapre ajans nouvèl Ris yo, bonbadman yo frape yon sinema ak yon kafe nan sant vil la .

XS
SM
MD
LG