Accessibility links

Breaking News

Foutbòl: Bayern sou Wout Pou l Rekrite Sadio Mané


FBL-EUR-C1-LIVERPOOL-REAL MADRID
FBL-EUR-C1-LIVERPOOL-REAL MADRID

Bayern Minik pre pou siyen Sadio Mané sipèta Senegalè a ki ap jwe nan Liverpool , dapresa laprès Alman an rapòte Vandredi.

Ekip ki Chanpyon nan champyona Alman an ane sa te aksepte yon transfè 32 milyon ero, ak nèf milyon ero kòm bonis, pou Mané kapab vin bay klib la sèvis li.

Nap raple ou ke jwè a ki gen 30 an, anba kontra ak Liverpool yo jiska 2023, espesifye radyo a Sky ak Bild la chak jou.

Mané kapab al ranplase Robert Lewandowski, ki anonse ke li te vle kite ekip Bayern Munich.

Atakè Senegalè a ta katriyèm jwè ki te siyen ete sa a nan Bayern Munich, apre millye Olandè Ryan Gravenberch ak Noussair Mazraoui, tou 2 soti nan Ajax Amstèdam, ak atakan Irigweyen ki soti nan Benfica Darwin Nunez.

XS
SM
MD
LG