Accessibility links

Breaking News

Yon Fotograf Jwenn Distinksyon Pou Travay Dokimantè Imanitè li Fè nan Tan Kriz


Rohingya refugees fleeing Myanmar cross a muddy rice field in Palang Khali, Bangladesh, in October 2017. (IWMF/Paula Bronstein)
Rohingya refugees fleeing Myanmar cross a muddy rice field in Palang Khali, Bangladesh, in October 2017. (IWMF/Paula Bronstein)

Washington — Pye yo ap kuit nan labou… Yon bann refijye Rohingya mete yo an ran atravè yon chan diri.

Yon jenngason, ki gen sou li yon chemiz vèt transparan tou senpleman, ap pote yon fanm tou fatige sou do li. Moman sa a, ke foto-jounalis ameriken Paula Broostein te pran nan Palong Khali, Bangladèch, nan dat 9 oktòb 2017, se tou senpleman youn nan divès imaj li kaptire nan yon karyè 40 tan.

Broonstein pase plizyè dizèn dane ap fè repòtaj nan rejyon ki pi danjre nan lemond, kote li kouvri migran k ap eseye kouri pou ensekirite e apre zòn kote yo t ap viv la te viktim dezaz natirèl ak lagè. Travay ki pèmèt li ranpòte Pri Kouraj Entènasyonal pou Jounalis Fanm Fondasyon Medya Anja Niedringhaus.

Bronstein fè Lavwadlamerik konnen: “Mwen se yon fotograf ki vle gen asirans ke lemond we sa kap pase.” Pandan 20 tan, sa te vle di Bronstein te oblije travay an Afganistan kote li te dokimante lavi chak jou a depi nan kòmansman lagè a an 2001 rive nan mwa fevriye ane sa a.

An 2016, li te pibliye “Afganistan: Ant Lespwa ak Lapèrèz”, yon esè foto sou lavi fanm ak timoun li te rankontre pandan peryòd la ak travay li te fe pou l kouvri povrete, adiksyon ak konsekans lagè a. Lè Taleban yo te pran kontwòl peyi a an out 2021, Brontein te fè konnen li te santi nesesite pou l te kite peyi a. Paula Bronstein fini pa di:

“Antan ke jounalis fanm, nou pa t konnen kijan yo ta pral trete nou, èske yo ta pral arete nou, ni kisa ki ta pral rive.”

XS
SM
MD
LG