Accessibility links

Breaking News

Premye Vaksen kont Covid-19 pou Timoun Piti ak Elèv Lekòl Matènel


HEALTH-CORONAVIRUS/VACCINES-CHILDREN
HEALTH-CORONAVIRUS/VACCINES-CHILDREN

Premye vaksen kont CKOVID-19 pou ti moun piti ak ti elèv lekòl matènèl Ozetazini franchi yon lòt etap.

Yon komite konsiltatif Administrasyon Manje ak Medikaman (FDA) bay konsantman li mekredi pou kopayi famasetik Moderna ak Pfitzer fabrike vaksen pou ti moun ki gen mwens pase 5 kan. Se sèl gwoup laj ki pa t ko elijib pou resevwa vaksen kont koronaviris e sa te bay anpil paran kèsote paske yo t ap tann yon mwayen pou yo pwoteje timoun yo.

Si FDA otorize vaksen yo, Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC), li menm, pral gen pou l fè yon lòt revizyon. Apre tout obstak reglemantè sa yo va fin ilimine, vaksen yo pral disponib byen bonè semèn pwochèn nan nan lopital yo, klinik doktè yo ak famasi yo.

XS
SM
MD
LG