Accessibility links

Breaking News

Senatè McConnell Apiye yon Antant sou Kontwòl Zam Palmantè yo Sanble Jwenn


Texas School Shooting Congress
Texas School Shooting Congress

Lidè minorite repibliken an nan Sena ameriken an, Mitch McConnell, anonse madi li apiye yon akò sou kontwòl zam ki an preparasyon nan Kongrè a e ki jwenn sipò 2 pati yo, sa ki ranfòse yon apui modès, men enpòtan, pou yon aksyon Kapitòl la ap pran nan yon ane eleksyon sou yon dosye ki te toujou rete bloke nan 2 chanm yo depi anviwon 30 tan.

Senatè repibliken Eta Kentucky a fè konnen li espere yon tèks detaye sou akò a, ke 10 Demorkat ak 10 Repibliken pibliye dimanch, va vini sou fòm yon lejislasyon ke palmantè yo va adopte. Apui McConnell pou pwojè-rezolisyon an se dènye endikasyon ki montre ke seri fiziyad ki te dewoule mwa pase a nan Buffalo, New York, ak Uvalde, Tekzas, vin chanje kalkil politik yo pou kek nan manm Pati Repibliken an apre plizyè ane yo pase ap bloke menm yon pwojè pou ranfòse pwogresivman kontwòl sou zamafe yo Ozetazini.

XS
SM
MD
LG