Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini ak Lachin, Youn ap Blame Lòt Kòm Responsab Ensekirite Alimantè nan Lemond


UN Food Crises
UN Food Crises

Ensekirite alimantè (gwo mank manje) ap ogmante nan lemond akoz lagè Ikrèn nan, dapre espesyalis yo ki prevwa ke Lafrik se kontinan ki pral sibi plis dega akoz sitiyasyon sa a. 2 sipèpuisans mondyal, Lezetazini ak Lachin, fè konnen y ap eseye amòti move konsekans yo, men an menm tan youn akize lòt la deske se li ki konplike kriz la.

Yon jounal ofisyèl nan Peken, The Daily News, lage responsablite a espesyalman sou do Lèzetazini. Jounal la ekri pou l di:

“Pri manje ki monte atenn yon nivo ki pa t janm wo konsa nan listwa, nan moman ekspòtasyon sereyal Larisi ak Ikrèn bloke akoz pò yo ki fèmen mete sou sanksyon peyi oksidantal yo.”

Lèzetazini, bò kote pa l, akize Lachin dèske li koupab poutèt li sere manje, li pa mete yo sou mache a, apre Prezida Xi Jinping te deklare anvan sa nan ane a ke “sekirite alimantè nan Lachin reprezante yon priyorite esansyèl” e li te bay kiltivatè yo konsèy pou yo ogmante pwodiksyon an dekwa pou garanti ke peyi ki pi peple nan lemond la gen ase manje pou l nouri pèp li.

Le VOA mande anbasadè ameriken Jim O’Brien, direktè Biwo Kowòdinasyon Sanksyon yo, èske Lachin ta kapab ede konbat ensekirite alimantè ke lagè Ikrèn nan pwovoke, li reponn:

“Nou ta byen renmen wè Lachin aji kòm grann puisans ke li ye a epi ofri koukou li nan efò k ap fèt pou rezoud pwoblèm ki poze sou mache manje mondyal la.”

XS
SM
MD
LG