Accessibility links

Breaking News

Nan Lapolòy, Otorite yo Vote Lwa Sevѐ kont Avòtman


Protesters gather outside Poland's Constitutional Tribunal in Warsaw, Nov. 6, 2021, rallying against restrictive abortion laws after a woman died of complications during her pregnancy.
Protesters gather outside Poland's Constitutional Tribunal in Warsaw, Nov. 6, 2021, rallying against restrictive abortion laws after a woman died of complications during her pregnancy.

VASOVI — Gouvѐnman Lapolòy la, kote yon entѐdiksyon prѐske total kont avòtman antre an aplikasyon, te ѐ fas lendi ak akizasyon dѐske li kreye “yon rejis pou avòtman” nan moman peyi a ap elaji kad kantite done medikal espesyalis yo rasanble dijitalman pou yo konsѐve pou malad yo.

Militan k ap defann dwa medam yo ak politisyen opozison an pѐ pou fanm yo pa tonbe anba yon siveyans moun poko janm we nan peyi a, etandone pozisyon konsѐvatѐ pati ki sou pouvwa a ranfòse sa ki te deja yon seri de lwa sou avòtman ki mete plis restriksyon sou fanm sou kontinan ewopeyen an.

Yo pѐ tou pou lapolis ak lajistis pa itilize nouvo done yo kont fanm ki mete fen nan gwosѐs yo, menm nan ka fòs kouch, oubyen pou Leta pa lage koukouwouy dѐyѐ yon fanm si li te kòmande pilil kont gwosѐs oubyen si li te vwayaje aletranje pou li fѐ yon aòtman.

XS
SM
MD
LG