Accessibility links

Breaking News

Sòlda Ikrenyen ak Ris Ap Goumen pou Kontwòl Sievierodonetsk


Members of foreign volunteers unit which fights in the Ukrainian army stand next to a vehicle in Sievierodonetsk, Luhansk region Ukraine June 2, 2022.
Members of foreign volunteers unit which fights in the Ukrainian army stand next to a vehicle in Sievierodonetsk, Luhansk region Ukraine June 2, 2022.

Fòs militѐ ikrenyen ak ris te angaje lendi nan yon gwo batay nan lari kote yo t ap goumen nan pati lѐs vil Sievierodontsk, pandan ke Prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy, fѐ konnen sòlda ris yo gen plan pou yo mete men sou vil Zaporizhzahia ki an pati sid peyi a.

Sitiyasyon an nan Sievieronodetsk t ap chanje lѐ apre lѐ, dapre chѐf administratif vil la, Oleksandr Stryuk, ki prezante sitiyasyon an nan televizyon.

Prezidan Zelenski deklare sòlda ikrenyen yo gen tout chans pou yo repran kontwòl vil la. Li pale konsa apre gouvѐnѐ rejyon Luhansk la, Serhiy Haidai, te fѐ konprann Ikrѐn te pѐdi nan teritwa ki sou kontwol li yo. Haida te fѐ konnen:

“Defanse nou yo jwenn mwayen lanse yon kontratak pandan yon sѐten tan. Yo libere preske tout vil la. Sepandan pou le moman sitiyasyon an vin degrade yon ti kras ankò pou nou.”

Ni Larisi ni Likrѐn pretann ke youn nan 2 lame yo koze yon gwo kantite viktim ak dega kay lòt la.

Nan jounen lendi a, Zelenskyy te bay yon konferans pou laprѐs kote li te dii militѐ ris yo gen plan tou pou yo mete men sou vil Zaporizhzhia, nan sidѐs Ikrѐn, pou yo kapab gen mwayen pou yo avanse pi pre sant peyi a. Vil la se yon metwopòl endistriѐl ki gen yon popilasyon ki depase 700 mil moun.

XS
SM
MD
LG