Accessibility links

Breaking News

Nichols di VOA Lopez Obrador Pap Vini, Men Etazini Kontan Meksik ap Reprezante nan Somè Dèz Amerik la


Nichols Reyaji a Desizyon Prezidan Meksik pou l Pa Asiste Somè Dèz Amerik la
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:38 0:00

Nichols Reyaji a Desizyon Prezidan Meksik pou l Pa Asiste Somè Dèz Amerik la

Sekretè d'Eta Adjwen Ameriken pou Zafè Oksidantal yo, Brian Nichols reyaji a desizyon Prezidan Meksiken an pran pou'l pa asiste Somè Dèz Amerik la nan Los Angeles.

Prezidan Meksiken an te di li patap asiste somè a, si Kiba, Venezyela ak Nikaragwa pat resevwa envitasyon.

Sepandan Etazini ensiste pou di li pap envite peyi ki pa demokratik kote ki gen yon sèl kòk chanjte sou pouvwa a.

Lidè Meksiken an di Lendi "paka gen yon somè si tout peyi yo pa envite."

Nichols defann desizyon Etazini pral pou'l pa envite 3 peyi sa yo.

"Nou gen anpil respe pou Prezidan Lopez Obrador, men gen yon diferans ant pèspektiv pa li ak noumenm an tèm de demokrasi nan emisfè a. Se yon bagay kle. E gen dokiman ak ako ki siyen ant peyi nan emisfè a - e anvan sa Meksik te dako se "Sine Qua Non" pou patisipe nan evenman sa a. Men gras a Bondye Chanselye Ebrard ak lot manm gouvènman (Meksiken) an ap prezan," Nichols a di VOA.

Gen lòt lidè ki endike yo pap asiste somè a non plis, si tout peyi yo pa resevwa envitasyon.


Korespondan VOA Espayòl nan Lamezonblanch, Jorge Agobian kontribye a repòtaj sa a

XS
SM
MD
LG