Accessibility links

Breaking News

Ministè Edikasyon Nasyonal Fikse Dat 7 Jiyè pou Egzamen Bakaloreya


Edikasyon Nasyonal Ap òganize Egzamen Bakaloreya 7 jiyè Ministè
Edikasyon Nasyonal Ap òganize Egzamen Bakaloreya 7 jiyè Ministè

Ministè Edikasyon Nasyonal la anonse ke yo ap òganize egzamen Bakaloreya 7 jiyè. Dat sa a se anivèsè asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse.

Nap raple ke nan lannuit madi 6 pou louvri mekredi 7 jiyè Prezidan Ayisyen an Jovenel Moise te mouri asasinen nan rezidans prive-l nan Pèleren 5 e premyè dam nan Martine Moise te soti blese. Li al pran swen nan yon lopital Ozetazini, Miami Eta Florid.

Sou rezo sosyal anpil moun kritike desisyon sila a. Gen moun ki di se yon move desisyon, tandiske gen lòt ki di mete egzamen sa nan dat 7 jiyè a se efase yap eseye efase memwa ansyen prezidan an. Ansyen premye minis ayisyen te itilize twitter pou li kritike desisyon ministè ekikasyon nasyonal pran pou li te òganize egzamen bakaloreya.

Claude Joseph ekri "Ministè edikasyon nasyonal chwazi dat 7 jiyè, jou yo te asasinen Prez Jovenel la, pou òganize egzamen bakaloreya. Sa montre aklè kouman ekip ki sou pouvwa a ap travay aktivman pou efase krim 7 jiyè a. Byen konte,mal kalkile. Krim sa a p ap ka efase. Memwa JOMO ap toujou ret vivan."


Minis Edikasyon an pa esplike poukisa se dat sa a li chwazi pou egzamen Bakaloreya.

XS
SM
MD
LG