Accessibility links

Breaking News

Chèf l’ONU Konstate Pwogrè nan Kriz Manje Mondyal la


Sekrete Jeneral Nasyonzuni Antonio Guterres.
Sekrete Jeneral Nasyonzuni Antonio Guterres.

Yon kriz manje mondyal ke lagè a nan Ikrèn vin agrave kapab konnen yon repi, daprè Sekretè Jeneral lONU an, Antonio Guterres, ki t ap abòde dosye a mèkredi. Li fè konnen li pa espere yon gwo amelyorasyon toutsuit e sa ka menm pran yon bon ti tan.

Ann efè, lagè a fè l vin difisil pou pwovizyon sereyal ak angrè sòti nan zòn kote lagè a ap dewoule a. Yon tyè pwovizyon ble nan lemond sòti nan Larisi ak Ikrèn, tandiske Larisi pou kont li reprezante yon gwo sous apwovizyonnman angrè pou mond la.

Guterres lanse apèl pou l mande “aksyon rapid e agresif pou garanti yon distribisyon san rete manje ak enèji” ki dwe gen ladan l “leve restriksyon sou ekspòtasyon yo, alokasyon sipli yo ak rezèv yo pou popilasyon vilnerab yo, epi solisyon pou ogmantasyon pri yo yon fason pou kalme tansyon ke sa kreye sou mache a.”

XS
SM
MD
LG