Yon kalmi retounen nan kèk pati nan RDC, ki te wè gwo batay, semèn pase a, ant lame Kongo a ak gwoup rebèl M23.
Jean-Mobert Senga, yon chèchè nan RDC pou Amnety International, di LaVwadlamerik gen yon kalmi nan batay yo.
Li di, "Kanta pou M23, nouvèl yo pa rapòte gwo lese-frape e nan kè zòn, sivil koumanse retounen, men sa pa vle di konfli a fini nan Nò Kivu ak Ituri. Sivil kontinye ap mouri anba men lòt gwoup ame, kidonk se pa sèlman M23 ki pwoblèm nan. Gen lòt gwoup tou ki ap touye moun e rete san pinisyon." Se pawòl Senga.