Accessibility links

Breaking News

Inyon Ewòp la Entèdi Pi Fò Enpòtasyon Petwòl Ris la


European Council president Charles Michel (R) and Commission president Ursula von der Leyen address the closing press conference of an European Union summit on Ukraine, defense and energy, in Brussels, May 31, 2022.
European Council president Charles Michel (R) and Commission president Ursula von der Leyen address the closing press conference of an European Union summit on Ukraine, defense and energy, in Brussels, May 31, 2022.

Chèf politik entènasyonal Inyon Ewòp la (IE), Josef Borrell, fè konnen madi anbago gwoup la mete sou pi fò enpòtasyon petwòl ris la vle di “Larisi pral jwenn mwens resous, swa mwens resous finansye pou l alimante machin lagè li a.”

Borrell ajoute, pandan Inyon Ewòp la pa kapab anpeche Larisi fè komès ak lòt kliyan, peyi ewopeyen yo te reprezante “kliyan ki pi enpòtan” pou li e li pral oblije aksepte pri ki pi ba.

Byen ta nan jounen lendi a, manm IE te mete yo dakò pou yo entèdi 2 tyè enpòtasyon petwòl ris la kòm yon konpwomi pou ranfòse presyon an sou Larisi pandan yo pran an konsiderasyon konsekans ekonomik sa kapab genyen sou eta manm ki konte sou Larisi pou yo gen gaz lakay yo. Anbago a koupe livrezon gaz ris konn fè pa lanmè, pandan li pa konsène petwòl k ap pase pa gwo tiyo ki sòti Larisi pou ale nan peyi konsène yo.

La Ongri, yon peyi ki pa gen lanmè, te menase pou l rejte nouvo restriksyon sou enpòtasyon gaz la, yon pozisyon ki ta kapab kraze plan entèdiksyon an ki mande konsantman tout eta manm yo pou li valab. Prezidan Konsèy Ewopeyen an, Charles Michel, fè konnen li atann li aske anbasadè Inyon an andose anbago a mèkredi –yon anbago ki fè pati yon pake sanksyon ki pi laj.

XS
SM
MD
LG