Accessibility links

Breaking News

Senatris amerikèn Tammy Duckworth, Vizite Taywann nan Moman Lachin Ap Menase Zile a


U.S. Sen. Tammy Duckworth, D-Ill., left, meets with Taiwan's President Tsai Ing-wen at the Presidential Office in Taipei, May 31, 2022.
U.S. Sen. Tammy Duckworth, D-Ill., left, meets with Taiwan's President Tsai Ing-wen at the Presidential Office in Taipei, May 31, 2022.

Taipei, Taiwan - Pandan Senatris amerikèn Tammy Duckworth, t ap fè yon vizit nan Taywann, li renouvle sipò li pou zile a nan moman Lachin ap relanse menas li yo. Duckworth te rankontre madi ak Prezidant taywanèz a, Tsai Ing-wen, e li ensiste sou relasyon ekonomik, politik ak sekirite sere ki egziste ant Taype ak Washington.

Lachin reklame Taywann kòm yon pati nan tèritwa nasyonal li ke li vle annekse pa lafòs, e lendi li te voye 30 avyon militè nan espas ayeryen ki tou prè il la. Ministè defans taywanè a fè konnen fason li reyaji, se fè jèt militè dekole, mete sistèm defans ayeryen an ann eta dalèt epi voye avètisman pa radyo.

Nan mesaj Senatris Duckworth mete devan Prezidant Tsai, li deklare li te vle “mete aksan sou sipò nou pou sekirite Taywann. Mwen ta vle di ke sipò a pa konsène kowoperasyon militè sèlman; li konsènen ekonomi tou.”

Senatris Duckworth se yon ansyen pilòt elikoptè nan lame amerikèn nan ak yon ansyen lyetnan-kolonèl nan Gad Nasyonal la.

Envazyon Larisi nan Ikrèn nan fè kèk moun wè relasyon Lachin ak Taywann yon lòt fason; pa egzanp, ni manm demokrat ni manm repibliken Kongrè ameriken an deside ranfòse apui yo pou plis vant zam ak apui politik pou Taywann.

XS
SM
MD
LG