Accessibility links

Breaking News

Tayyip Erdogan Diskite ak Putin sou yon Operasyon Militè nan Nò Siri


FILE - In this Sept. 29, 2021, file photo, Russian President Vladimir Putin, right, and Turkish President Recep Tayyip Erdogan talk during their meeting in the Bocharov Ruchei residence in the Black Sea resort of Sochi, Russia.
FILE - In this Sept. 29, 2021, file photo, Russian President Vladimir Putin, right, and Turkish President Recep Tayyip Erdogan talk during their meeting in the Bocharov Ruchei residence in the Black Sea resort of Sochi, Russia.

Prezidan peyi Tiki Recep Tayyip Erdogan te pale ak Prezidan ris la, Vladimir Putin pou diskite sou yon operasyon militè ke Ankara gen entansyon mennen nan nò Siri, ak sou lagè Ikrèn nan, dapre sa biwo Erdogan nan di lendi.

Nan jou ki pase yo, Erdogan te di li pwal lanse yon atak pa lòt bò fwontyè li kont militan Kurd yo nan Siri pou kreye yon zòn pwoteksyon ki gen yon lajè 30 kilomèt. Li di Putin nan telefòn ke yo te antann yo sou zòn fwontyè a an 2019, men ke li pa te janm mete li ann aplikasyon, dapre biwo prezidan Turki a.

Ankara te lanse yon operasyon kont Inite Pwoteksyon Popilè yo, oubyen YPG, ann Oktòb 2019. LaRisi, rejim siryen an ak Etazini gen twoup tou nan rejyon fwontyè a.

La Tirki konsidere YPG kòm yon gwoup teworis ki konekte ak Pati Travayè Kurdistan an oubyen PKK, ki te nan rebelyon kont Turki depi an 1984, e lakoz lanmò dè dizèn milye moun.

Sepandan, YPG fòme rèl do fòs ke Etazini dirije nan rejyon fwontyè a. Etazini pa te kontan ak Tiki chak fwa twoup Ankara te mennen operasyon deja nan Siri.

XS
SM
MD
LG