Accessibility links

Breaking News

Eta Ameriken ki Bay sou Gòlf Meksik la Ap Prepare yo pou yon Lòt Sezon Siklonik Malouk


Imaj satelit NOAA montre ouragan Agatha tou pre kot pasifik peyi Meksik, Dimanch 29 Me, 2022.
Imaj satelit NOAA montre ouragan Agatha tou pre kot pasifik peyi Meksik, Dimanch 29 Me, 2022.

Eta Ameriken ki Bay sou Gòlf Meksik la Ap Prepare yo pou yon Lòt Sezon Siklonik Malouk Nouvel Òleyan – “An Pratik, mwen santi m pare.

“ Se konsa Susan Morley-Zender, ki abite Nouvèl Òleyan, nan Eta Lwizyàn, pale ak Lavwadlamerik lè nou te mande l opinyon li sou sezon siklonik ki pral kòmanse a. Li ajoute: “Sepandan ane sa a mwen gen plis kèsote.”

Sezon siklonik la reprezante yon peryòd 6 mwa, ant jen ak novanm, kote eta ameriken ki sou kòt Gòlf Meksik la ak Oseyan Atlantik la twouve yo ekspoze anba pi gwo dega yo akoz tanpèt twopikal oubyen siklòn.

Espesyalis meteo ki etidye done ak modèl meteyolojik yo dakò pou yo di ane 2022 a kapab pwodui yon sezon tanpèt ki esktrèmman danjere pou Eta Tekzas, Misisipi, Alabama, Florid epi Lwizyàn, youn nan eta ki sibi plis dega nan istwa peyi a.

Matthew Rosencrans, direktè sèvis previzyon meteyowolojik nan Administrasyon Oseyanik ak Atmosferik Nasyonyal Ameriken an (abreje anglè NOAA) ki t ap pale ak Lavwadlamerik, deklare: “Dapre previzyon nou, gen 65% chans pou sezon siklonik ane 2022 a depase kantite nòmal la.” Si direktè Rosencrans gen rezon, se pral 7èm ane youn apre lòt kote kantite siklòn yo depase chif nòmal la.

XS
SM
MD
LG