Accessibility links

Breaking News

Rekò Mondyal: Yon Granmoun 103 zan Fè Parachitis nan Peyi Lasyèd


Rut Larsson
Rut Larsson

Dimanch, yon granmoun nan peyi Lasyèd ki gen 103 an te bat rekò mondyal la pou moun ki pi granmoun ki sote nan yon parachit.

Rut Larsson te di ajans nouvèl Swedwaz TT, ke "Tout bagay te ale jan li te planifye." "Se te yon bèl anbyans, depi lontan mwen te gen anvi fè sa".

Fanmi l ak zanmi l tap tann li sou yon tèren avyon an lè Rut Larsson te fè so a 'nan Motala, ki sitiye a 240 kilomèt nan sidwès Stockholm.

Duo a te ateri dousman, epi te gen plizyè moun sou plas ki tal ede yo leve .

Yon reprezantan ki soti nan Liv Guinness pou Rekò Mondyal te prezan pou anrejistre evenman an.

Rut Larsson, ki gen 103 ane ak 259 jou, te kraze rekò pou pase devan moun ki te leve defi sa a anvan li, yon granmoun ki gen 103 ane ak 181 jou.

XS
SM
MD
LG