Accessibility links

Breaking News

Etazini Pran Nouvo Sanksyon kont Kore di Nò Apre Dènye Lansman Misil li Fè a


This picture taken on May 17, 2022 and released from North Korea's official Korean Central News Agency (KCNA) on May 18 shows North Korean leader Kim Jong Un attending a meeting.
This picture taken on May 17, 2022 and released from North Korea's official Korean Central News Agency (KCNA) on May 18 shows North Korean leader Kim Jong Un attending a meeting.

Vandredi, Etazini anonse nouvo sanksyon finansye apre dènye tes misil Kore di Nò yo. Gen kèk nan yo ki vize de bank Ris ke yo akize ki ap sipòte pwogram zam destriksyon an mas peyi Kore di Nò a.

Mezi sa yo, vini apre Larisi ak Lachin te deside mete veto sou yon rezolisyon Ameriken te prezante nan Konsèy Sekirite Nasyonzini an.

Objektif rezolisyon yo se te pou ranfòse sanksyon entènasyonal kont Pyongyang yo.

Dapre yon deklarasyon Depatman Trezò Ameriken an fè, sanksyon sa yo vize Bank Ekstrèm Oryan ak Bank Sputnik, ki se 2 enstitisyon finansye Ris, ansanm ak yon afilye konpayi avyon Kore di Nò a, Air Koryo.

XS
SM
MD
LG