Accessibility links

Breaking News

Kanvansyon Anyèl NRA Ap Dewoule Nan Mitan Anpil Pwotestasyon


FILE - National Rifle Association Executive Vice President Wayne LaPierre speaks at the NRA Annual Meeting of Members in Indianapolis, April 27, 2019.
FILE - National Rifle Association Executive Vice President Wayne LaPierre speaks at the NRA Annual Meeting of Members in Indianapolis, April 27, 2019.

Manifestan k ap mande yon pi gwo kontwòl sou zamafe k ap sikile Ozetazini, rasanble devan yon lokal nan vil Houston, nan Eta Tekzas, kote Asosyasyon Propriyetè Zamafe Ameriken yo (National Riffle Association, NRA) ap reyini manm li yo pou konvansyon anyel li, 3 jou apre yon fiziyab tèrib te dewoule nan yon lekòl primè kote yon atakan te touye 19 elèv ak 2 pwofesè. Se pi move asasina pa bann e pa pakèt ki dewoule nan peyi a depi pliyè dizèn dane.

Asosyasyon an, ki gen anpil pouvwa nan peyi a, lanse gwo konvansyon li a vandredi 27 me a; men, le fèt ke kèk gwo manm enfliyan pa p prezante nan konferans sa a, sa montre kijan yo santi yo pa alez pou yo asosye non yo ak gwoup la yon ti tan sèlman apre trajedi madi pase a nan vil Uvalde, nan Tekzas.

Ansyen Prezidan Donald Trump twouve l pami pèsonalite ki sou lis pou pran lapawòl nan konvanson anyèl sa a k ap dewoule sou yon distans 4 trèdtan nan machin avèk vil Uvalde kote yon jenngason 18 tan, Salvador Ramos, te sèvi ak yon zam daso AR-15 pou l fè masak la.

Se avèk lajwa, lakontantman plizyè milye fanatik ki posede zam reponn prezan nan rankont la ki chaje kou Leba ak patisipan nan yon lokal kote ou ka jwenn etajè kote yo eskpoze zamafe, stann kote yo enstale zam semi-otomatik ak materyèl pou moun fè lachas.

Pami pesonalite ki anonse yo pa p patisipe pèsonèlman nan evennman an genyen Gouvènè repibliken Eta Tegzas la, Greg Abbott. Vis Gouvènè eta a, Dan Patrick, li menm tou, fè konnen oganizatè yo pa bezwen konte sou prezans li nan okazyon an.

An fèt, pandan plizyè milyon ameriken gen dèy nan kè yo, pandan anpil nan yo fache akoz masak ki te fèt madi nan lekòl primè Robb Elementary School la, gen yon vag gwo pèsonalite ak ved èt ki deside anile patisipasyon yo nan konvansyon an. Se konsa, Don McLean se youn nan chantè country music ki rale sòti nan rankont la. McClean deklare:

Pami 5 lòt chantè country music ki anonse y ap boude evennman tou, gen Lee Greenwood avek Larry Gatlin.
Anfen, konpayi Daniel Defense –ki te fabrike zam atakan Salvador Ramos te itilize nan atak madi a e k ap fè fas ak gwo kritik aktyèlman- pran desizyon pou l pa parèt nan konvansyon an apre trajedi efrayik sa a.

Tout anilasyon sa yo vini nan moman lapolis Eta Tekzas pwovoke gwo mekontantman kay yon bann ak yon pakèt moun k ap mande poukisa li te pran yo inèdtan pou yo te metrize atakan an, alòske anrejistreman video montre yon bann papa ak manman elèv ki t ap mande polisye yo prese kouri al pote elèv yo ak pwofesè yo sekou.

XS
SM
MD
LG