Accessibility links

Breaking News

Texas: Lapolis Texas Ap Fè Fas ak Kesyon Sou Jan Yo te Reponn Fiziyad la


Texas School Shooting
Texas School Shooting

Otorite lapolis nan eta Texas nan sidwès Etazini ap fè fas ak kesyon du sou jan yo te reponn ak tan yo te pran pou yo te antre nan yon lekòl lè yon jenn gason t ap touye 19 timoun ak 2 pwofesè.

Otorite yo di nèg ak zam nan, Salvador Ramos, ki te gen 18 an, ki te kite lekòl nan klas segondè, te nan lekòl la pandan 40 minit jiska inèd-tan anvan lapolis te antre nan klas 4èm ane a kote asayan an touye moun yo nan Lekòl Primè Robb nan bouk Ulvade nan Texas.

Temwen rapòte paran timoun ki te bloke nan lekòl la nan yon katye rezidansyèl, ak moun ki te rasanble pou gade nan mitan jounen madi a, te rele sou ajan polis yo pou fòse yo antre nan lekòl la e mete fen nan masak la.

Victor Escalon, yon direktè rejyonal nan Depatman Sekirite Piblik, fè konnen Ramos te pase nan yon pòt ki pa te klete pou antre nan bilding nan, san li pa te rakontre

okenn polisye ame, sa ki kontredi rapò ke lapolis te bay anvan sa.

XS
SM
MD
LG