Accessibility links

Breaking News

Konvansyon Asosyasyon Nasyonal Pwopriyetè Zam Yo (NRA) Ap Dewoule nan Houston


A woman uses a virtual reality based firearms simulator at the National Rifle Association's (NRA) annual meeting, in Indianapolis, Indiana, U.S., April 28, 2019. REUTERS/Bryan Woolston - RC1591E26900
A woman uses a virtual reality based firearms simulator at the National Rifle Association's (NRA) annual meeting, in Indianapolis, Indiana, U.S., April 28, 2019. REUTERS/Bryan Woolston - RC1591E26900

Asosyasyon Nasyonal Pwopriyetè Zam (NRA) ouvè vandredi konvansyon anyèl li nan Houston. Ane sa a, konvansyon an ap dewoule kèk jou sèlman apre yon nèg ame te antre nan Lekòl Primè Robb la, nan bouk Uvalde, nan Texas, epi li touye 19 elèv ak 2 pwofesè.

Gouvènè Texas la, Gregg Abbott, ki te gen pou fè yon diskou an pèsòn nan konvansyon an vandredi, wete diskou li a sou pwogram nan e li pral vwaye pito nan Uvalde. Sepandan gouvènè a ap patisipe nan konvansyon an ak yon mesaj video anrejistre, dapre jounal The Dallas Morning News.

Ansyen Prezidan Donald Trump toujou rete sou pwogram nan pou l pran lapawòl nan rankont gwoup la k ap defann dwa Ameriken yo genyen pou yo achte ak pote zam.

Sepandan, fòs de lòd yo nan Tekzas ap fè fas ak kesyon difisil. Moun ap mande poukisa yo te pran anviwonn 1 nèdtan pou yo te ale nan lekòl la pou konfwonte nèg ame a, Salvador Ramos.

XS
SM
MD
LG