Accessibility links

Breaking News

Etazini: Otorite yo Arete yon Irakyen ki lye ak ISIS Poutèt li te planifye pou Asasinen George W. Bush


George W. Bush
George W. Bush

Otorite yo anonse yon Irakyen ki lye ak gwoup Eta Islamik la te jwenn arestasyon li e otorite yo akize l madi kòm kwa yo sispèk li tap prepare yon tantativ asasina kont ansyen prezidan ameriken George W. Bush.

Dapre sa komisè federal eta Ohio te di nan yon deklarasyon li pibliye, Shihab Ahmed Shihab, ki gen 52 an jwenn akizasyon ke li tap "ede ak sipòte yon konplo pou touye ansyen Prezidan Etazini George W. Bush."

Li te di ke nonm lan te siveye, te planifye pou transpòte yon ekip antye soti nan Mwayen Oryan an epi li te anvizaje akizisyon zam ak fo inifòm polis pou konplo a ki te gen objetik pou touye prezidan an.

Prezidan Bush te lanse envazyon Etazini nan Irak la an 2003.

Sispek la te rive legalman Ozetazini an 2020 sou yon viza touris.

Mesye Shihab te rete ant Columbus, Ohio (nan nò) ak Indianapolis, anvan li te aplike pou azil. Li te eseye ede yon nonm, ke li te panse te Irakyen, imigre nan peyi Etazini ann echanj pou lajan.

"Nan Oktòb ak Desanm 2021, Mesye Shihab te aksepte dè dizèn de milye dola pou prezime pasaj la. An reyalite, moun nan te fiktiv e echanj yo te kowòdone anba direksyon FBI", dapre sa polis federal Ameriken an, presize.

Nan yon dokiman ki vinn piblik madi a, li endike ke 2 sous anonim, ki te pale plizyè fwa ak sispèk la, te fè li posib pou mete ajou dosye sa yo gen kont sispè a.

Dapre dokiman yo mesye Shihab se yon kouzen ansyen lidè ISIS Abu Bakr al-Baghdadi.

XS
SM
MD
LG