Accessibility links

Breaking News

Fiziyad Texas: Sispè a Te Avèti Sou FB li Ta Pwal Tire Nan Yon Lekòl


Texas Mall Shooting
Texas Mall Shooting

Jenn gason 18 an ki touye 19 timoun ak 2 granmoun, madi a nan Texas, te avèti nan yon mesaj prive sou rezo sosyal ke li ta pwal tire nan yon lekòl primè, dapre sa Gouvènè Greg Abbott di Mèkredi.

Abbot dekri misye kòm yon elèv ki kite lekòl nan klas segondè. Gouvènè a di se pwoblèm mantal ki fè l te atake lekòl Primè Robb la nan bouk Uvalde. Yon gad fwontyè ameriken te tire e touye Salvador Ramos pou mete fen nan masak la.

Media yo rapòte ke misye te konn voye zye sou machin k ap pase nan lari. Moun ki te konnen l fè konnen li te fache daprezavwa li pa t pase ase klas pou l gradye, semèn sa a, ansanm ak kondisip li yo.

Kesyon kontwòl ak vant zam se youn nan sijè ki fè plis deba nan politik Etazini, e sa te parèt nan konferans pou laprès Gouvènè Abbott la. Lè gouvènè a, ki toujou ap plede anfavè zam, te fin pale, Beto O'Rourke, advèsè Demokrat li pou plas gouvènè nan eleksyon mwa Novanm k ap vini an te pale byen fò pou di: "Ou pa fè anyen!" pou anpeche zak vyolans ak zam.

XS
SM
MD
LG