Accessibility links

Breaking News

Malawi ap Fè Fas ak yon Gwo Mank Lajan Etranje


NIGERIA-UKRAINE-RUSSIA-CONFLICT-AFRICA-ECONOMY
NIGERIA-UKRAINE-RUSSIA-CONFLICT-AFRICA-ECONOMY

Peyi Malawi ap fè fas ak yon gwo mank lajan etranje, sa ki fòse 2 liy avyon entènasyonal sispann kèk sèvis nan peyi a. Sityasyon an gen yon efè negatif sou operasyon plizyè lòt biznis lokal ak biznis ki fèt pa lòt bò fwontyè a.

Dènye rapò Bank Rezèv Malawi sou politik monetè a endike ke rezèv lajan etranje nan premye trimès ane sa-a te rete nan $374 milyon-480-mil dola, yon bès konpare ak $429 milyon-170-mil dola nan 4èm trimès ane pase.

Rapò a fè konnen tou rezèv lajan etranje pou sektè prive a tou redui, soti nan $425 milyon-520-mil dola ane pase, pou rive nan $391 milyon-490-mil dola ane sa a.

Semèn pase a, Ethiopian Airlines ak Kenya Airways sispann sistèm vann tikè avyon pou ajan vwayaj lokal yo nan Malawi paske Bank Rezèv Malawi a paka remèt lajan li dwe, akoz rezèv lajan etranje peyi a ki ap diminye.

XS
SM
MD
LG