Accessibility links

Breaking News

Etyopi: 1 Milyon 390 Timoun Pase 3 Lane san Lekòl

Un jeune déplacé par les combats dans le nord de l'Éthiopie repose alors qu'une femme se peigne à l'école Addis Fana où ils sont temporairement hébergés, dans la ville de Dessie, en Éthiopie, le 23 août 2021.

Yon total 1 milyon 390 timoun nan rejyon Tigre nan nò Etyopi pase 3 lane san lekòl akoz gè sivil Etyopi a, dapre Nasyon Zini.

Pandan jounalis gen pa gen pèmisyon antre nan Tigre, Vwadlamerik te jwenn mwayen antre nan rejyon Amhara, kote lekòl koumanse ap relouvri, apre fòs Tigre yo ki te okipe anpil kote nan rejyon an te rale soti nan mwa Desanm ane pase.

Men okipasyon an kite kèk gwo mak sikatris. Rezidan nan bouk Gashena fè konnen fòsTigre yo te pran klas yo pou fè baz, yo kite grafiti sou mi klas-yo, ak jouman pou gwoup etnik Amhara ak Premye-minis Etyopi a, e lage kadav nan yon fòs komin nan lakou lekòl yo.

Fwon pou Liberasyon Pèp Tigre a demanti akizasyon sa yo e li mande yon ankèt endepandan sou kesyon an.

XS
SM
MD
LG