Accessibility links

Breaking News

L èzetazini Lanse yon Pwogram pou Ranmase, Analize Prèv sou Krim de Gè Larisi nan Ikrèn


Rescuers carry the body of a civilian at a site of an apartment building destroyed by Russian shelling in Bakhmut, Donetsk region, Ukraine, May 18, 2022.
Rescuers carry the body of a civilian at a site of an apartment building destroyed by Russian shelling in Bakhmut, Donetsk region, Ukraine, May 18, 2022.

Depatman Deta ameriken an anonse madi li lanse yon nouvo pwogram pou l rasanble epi analize prèv sou krim de gè ak lòt move zak grav Larisi ta komèt nan Ikrèn, nan moman Washington ap chache asire li ke Moskou rann kont pou aksyon l yo.

Depatman Deta a fè parèt yon deklarasyon kote l di gwoup ki rele “Obsèvatwa Konfli a” pral responsab pou prepare dokimantasyon, verifikasyon ak distribisyon tout kalite prèv jeneralman kèlkonk sou aksyon Larisi nan Ikrèn. Rapò ak analiz pral disponib atravè sit entènèt Obsèvatwa Konfli a.

Prezidan ameriken an, Joe Biden, kritike Larisi anpil akoz sa li rele “krim de gè terib” peyi sa a komèt nan Ikrèn e li ensiste sou fèm volonte li genyen pou l fè Moskou rann kont poutèt li lanse pi gwo lagè ki fèt sou kontinan ewopeyen an an depi 2èm Gè Mondyal la.
Gouvènman ikrenyen an akize Larisi dèske li komèt atwosite ak zak brital sou sivil pandan envazyon an; otorite yo nan Kyèv fè konnen yo idantifye plis pase 10 mil ka krim de gè posib. Larisi demanti ke li te atake sivil; li ajoute, si pa gen prèv, zak atwosite yo se montaj teyat ki san fondman.

XS
SM
MD
LG