Accessibility links

Breaking News

Enfliyans Politik Trump Sou Pati Repibliken Pral Sibi Yon Tès Madi


Foto Achiv: Prezidan Donald Trump pale pandan yon manifestasyon pou pwoteste kont setifikasyon kolej elektoral la pou di se Joe Biden ki ranpote eleksyon 2020 an, nan Washington, 6 Janvye 2021.
Foto Achiv: Prezidan Donald Trump pale pandan yon manifestasyon pou pwoteste kont setifikasyon kolej elektoral la pou di se Joe Biden ki ranpote eleksyon 2020 an, nan Washington, 6 Janvye 2021.

Enfliyans politik ansyen Prezidan ameriken Donald Trump sou dirijan Pati Repibliken an 16 mwa apre li te kite pouvwa a, sibi yon tes madi, jou kote kek kandida li apiye t ap fe fas ak lot kandida repibliken ki kont li nan eleksyon prime ki dewoule nan kek eta enpotan.

5 nan eta sa yo òganize prime ni pou Repibliken ni pou Demokrat, men … analis politik yo te santre atansyon yo sitou sou 2 eta kote Trump apiye 2 kandida repibliken: Se Pennsilvani –ke Trump te pedi nan eleksyon 2020 an, avek Kawolin di No, ke l te ranpote an 2016 ak 2020.

Obsevaté yo panse rezilta eleksyon sa yo ak kek lòt va bay yon ide sou chans Donald Trump genyen pou l ta fe yon comeback si l poze kandidati li ala prezidans an 2024.

XS
SM
MD
LG