Accessibility links

Breaking News

Vis Prezidant Harris ak Sekretè Deta Blinken Ale Abu Dhabi pou Ranfòse Relasyon yo


Foto sa a, ke Ministe Zafe Prezidansyel la pibliye monre Vis Prezidan Etazini Kamala Harris ak Sheikh Abdullah bin Zayed Al Nahyan, nan Emira Arab Ini, Lendi 16 Me 2022.
Foto sa a, ke Ministe Zafe Prezidansyel la pibliye monre Vis Prezidan Etazini Kamala Harris ak Sheikh Abdullah bin Zayed Al Nahyan, nan Emira Arab Ini, Lendi 16 Me 2022.

Sekretè Deta ameriken an, Antony Blinken, twouve l nan Abu Dhabi kote li rejwenn yon delegasyon ameriken wo-nivo ki gen nan tèt li Vis Prezidant’ Kamala Harris. Objektif misyon sa a se pou delegasyon an prezante kondoleyans administrasyon Biden nan bay fanmi defen Prezidan Emira Arab Ini an, Sheikh Khalifa bn Zayed al Nahyan, ki te mouri vandredi.

Harris ak Biden gen pou yo rankontre ak frè defen lidè a, Sheikh Mohammed bin Zayed al Nahyan, ki tounen nouvo prezidan peyi a e ki deja ap egzèse anpil enfliyans nan Mwayen Oryan an e menm pi lwen ke sa.

Se pi gwo delegasyon amerikèn jiskela Administrasyon Biden nna voye nan peyi sa a ki rich ak petwòl e ki reprezante yon gwo sant finansye pou rejyon an. Pami manm delegasyon an genyen tou Minis Defans ameriken an, Lloyd Austin, Direktè CIA a, William Burns, avèk responsab pwogram administrasyon an pou lit kont chanjman klimatik yo, John Kerry.

Anvan V. P. Harris te kite Washington, li te di l ap fè vwayaj la nan non Prezidan Joe Biden pou l prezante kondoleyans li bay fanmi defen prezidan Emira a. Nan je analis yo, vizit sa a se yon jès enpòtan pou ranfòse relasyon Lèzetazini avèk Emira Arab Ini ki gen kek tansyon ladan l.

Washington te mande Emira Arab Ini ak Arabi Sawoudit wete plis gaz nan pui petwòl yo depi Larisi te anvayi Ikren nan dat 24 fevriye a, yon fason pou amoti pri gaz la k ap monte epi amelyore stabilite mache eneji a nan moman Lewop ap eseye redui depandans la anba gaz natirel ris la. Riyadh ak Abu Dhabi rejte demand Lezetazini yo, paske y ap chache kenbe bon relasyon avek Larisi.

XS
SM
MD
LG