Accessibility links

Breaking News

Yon Manm Gang 400 Mawozo Jwenn Lanmò li Samdi


Ricardo CHARLES, membre du gang “400 Mawozo
Ricardo CHARLES, membre du gang “400 Mawozo

Ekip Kominikasyon PNH la fé konnen ke Ricardo CHARLES ki te fé pati gang 400 Mawozo, jwenn lanmò li samdi nan moman kote li te an konfwontasyon avek Lapolis.

Ricardo CHARLES gen 21 an e li te blese e mouri nan echanj ki te genyen ant li menm avek fòs lòd yo ki tap mennen yon operasyon "Anba Pikan”, ki se yon lokalite ki toupre mache kominal Croix-des-Bouquets a.

Dapre sa PNH fé konnen natif natal Kenscoff la se te yon manm enfliyan nan gang 400 Mawozo. Li te gen yon fizi otomatik (Galil)sou li nan moman konfrontasyon li ak otorite yo.

Lapolis Nasyonal, ki ap fè entèvansyon depi plizyè semèn nan katye bandi yo kontrole, mande manm popilasyon an kolabore nan batay yap menen kont gang ame yo.

XS
SM
MD
LG